Deklik la
- 6 oct. 2022
- 2 min de lecture

Nou sonje ke m’tap di ke nou dwe toujou prevwayan e obsèvatè ak menaj nou? Paske chak detay dwe konte…
Ebyen m’te gen yon menaj, m’te konn dòmi lakay li. Nou toujou dòmi ADAN E ÈV. Men chak 6zè di maten li reveye’m. M’te panse ke se paske je’l klè donk li pa vle’m dòmi. Pafwa nou tou benyen, M’al nan epidò ki pi pre a pou’m achte bagay pou’n manje. Si l’ap sòti, li tou pase depoze’m nan travay mwen, e si m’ap antre lakay mwen, li depoze’m nan mwatye wout. Men te gen dèyè…..
Sè ke, ke li semèn, ke li wikenn, li reveye’m a 6zè di maten. M’kòmanse fache, m’di li ke m’renmen reveye a 10è donk fòk li kite’m dòmi. Yon jou li kite’m reveye a 10è. Li pran machin lan, l’al achte bagay pou’m manje. Se lafèt… Men rès kou a te dèyè…
M’fè 3 jou deswit ap dòmi avè’l, li leve’m a 6h. Katriyèm jou a, li monte sou mwen, karese’m, pale avè’m, epi li mande pou’n al benyen. Nou benyen ansanm, manje, met rad. Epi’l mande’m pou’n soti. M’renmen wè lè menaj mwen ap kondwi, pou’m ap admire men li sou volan an ak levye a. Sa banm enpresyon ke se bwa’m l’ap manevre konsa… Brèf.. Epi se lakay mwen l’al lage’m dwat.
Sa vin mete’m sou menm. M’dil ke tout afè’m lakay li epi’l vin lage’m lakay mwen. Li jis di’m ke m’gen kle kay la nan menm, si m’vle ma val chèche yo. Men de tout fason li pap dòmi poukont li aswè a… Epi m’jwenn deklik la
Li te difisil pou’m jwenn deklik la, pou’m konprann poukisa l’ap pede reveye’m a 6è di maten an, e poukisa li pa vle wè’m nan kay la depi’l jou a. Ebyen m’jere sa
Nan pita mwen vini ak yon pla ke li renmen. Nou fè sware a ap bay blag, nou gad fim, nou fè lanmou epi li dòmi (se sou mwen pou li dòmi). Epi demen maten, mwen reveye a 5h30 pou’n fè lanmou. Se konsa domi pran’m apre, lè’m reveye li te 11ham. Epi bèl bebe a monte sou mwen pou’l di’m BONJOUR CHERI TU AS FAIM?





Commentaires