top of page

Yon testè 240 vòlt

  • 9 oct. 2022
  • 2 min de lecture

Si menaj ou se yon gran obsèvatè, konnen ke li se yon gran testè tou. E se testè 240 volt ke li ye. M’te di nou ke m’te fiyanse ak yon madivin????……. ok…..


Lè’m fèt kite ak premye menaj mwen apre 4 lane bon lòv, m’vin santi’m anvi mouri paske m’pat wè lavi’m ak lòt fanm sou latè. Sa ke m’pat neglije fè vre, m’te tante swiside’m, men bon pye manman’m fè’m vivan toujou. Lè’m fin kriye kont mwen, m’vin panse ak yon bon zanmi’m ki 100% madivin. M’di se sèl manzè ki ka panse blesi ke mwen genyen an.


Efektivman m’rele manzè epi mwen pran randevou kay manman papa’m avèk li. M’rakonte manzè bagay yo epi m’di’l se li ke mwen wè devan’m. Li di’m « Gab se pa renmen avè’w ki pwoblèm lan men’w konnen ke mwen pa pran gason« . Alafen li avwe’m ke m’se inik gason ki fè krèk li bat. Men li pa vle avè’m pou amitye nou pa chanje. Ah! M’bal tout koze kredi pou pwouve ke amitye nou pap chanje. Men ak sèl kondisyon m’pap dakò’l gen pliryèl fanm. Fok li degaje’l kenbe omwen 2. MACHE KONKLI!


Pou manzè ka verifye sa mwen di li yo, li fè yon ti fanm ke mwen konnen vin lakay li epi li fè’m plumen tifi a pandan l’ap asiste nou. Se mwenk te di anyen pap deranje amitye nou donk fòm degaje’m. Men sa pa anyen. Li koze ak fanm pou mwen, fè’m kouche avèk yo lakay li. Li al fè trizom lakay mwen. Men tout sa m’ap di nou an, li pa janm kite’m penetre’l


Nou fè lanmou, kouche sou kabann toutouni ap bay blag men li pap kite-m penetre’l. Lè nou nan lari tout moun wè ke se ak menaj mwen ke mwen ye. E fanm lan bèl, li anfòm. Se sèl fanm ke m’pase nan vi’m, telefòn mwen domi lakay li nan men’l. M’pa kache di nou ke m’ap atire egri. Apre 6 mwa, pandan n’ap bay blag nan chanm lakay mwen, nou te toutouni. Li komanse jwe nan zozo’m, li jis fè’m bande epi li monte chita sou maestro a…


Nou sonje ke m’tap pale nou de tès yo? Ebyen yon jou manzè vin lakay mwen epi’l kwaze yon lòt fanm. San ezite, li bo’m sou bouch. Epi’l di « Cheri, tu me presentes ta copine?« . Donk na panse ke lè yon fanm ap ba nou tout plezi sa vle di ke’l pap fè jalouzi. Ok Bizou!

Commentaires


© 2023 Gabby Mortimer
bottom of page