top of page

Fanm obsèvatè tou

  • 9 oct. 2022
  • 2 min de lecture

Pandan m’ap di ke yon nèg ki gen fanm dwe toujou prevwayan e obsèvatè, vwala ke fi a obsèvatè tou limenm. Li pap di’w sa, li pap eklabouse paske sa pa nan edikasyon fanm. Men pa enkyete’w, li gen kontwòl ou. S’il pa yon fanm ki eskandalèz, ki just ap jere nèg li, l’ap konn kijan pou’l jere’w. ebyen sa mennen’m a istwa sila.


M’te gen menaj mwen k’ap viv lauderhill. Mwen menm mwen Ayiti. Nou pale chak jou. E n’ap fin pale byen ta. Nou fè lanmou nan telefòn. Li chanje orè travay li poutèt mwen. Donk m’pa bezwen di nou anko kijan relasyon an te ye. Li toujou antre Ayiti vin wè’m e se bèl vi, bèl sousad, bèl plumen.

Alepòk black Berry ap mennen. Menaj mwen mete’m òptoudet. Laptop mwen, ti gadjèt eletwonik fè kenken. Men manzè te deja remake ke gen pwoblèm elektrisite Ayiti. Men sa potko deranje li jiskaske yon jou inevitab la rive devan’l


M’gen yon menaj ki rele’m ki di’m » Depi lè madanm ou Ayiti a ou sevre’m. Si’w pa vle’m vin fè eskandal devan pòt ou a vin konyen’m paske tèt krèk mwen ap fè’m mal« . M’pa bezwen di nou jan mwen chofe. M’poko konn ki sen pou’m rele…


Se konsa Bradley Alexandre rele’m nan telefòn. Lap di’m yon koze, m’ap di’l yon lot koze paske menaj mwen devan’m lan e fòm soti. « Oh Brad, m’bliye randevou a wi, m’ap vini kounya, raplem kote a« . Bradley menm rakwoche sou mwen paske’l pa konprann sa m’ap di’l la. M’di « Cherie mgen yon randevou jodi a wi. M’bliye sa, te’m kouri al benyen« . Li dim wi cheri. Lè’m fin prepare’m m’di’l al kondwi’m, li di non bebe, gentan ale ou deja anreta. M’soti deyò a, m’gad adwat agoch epi mwen pran wout la apye paske otèl la pa lwen lakay mwen. Kokotye tèt dwat


Nan 4 jou, menaj mwen antre USA. Avan anyen m’gen pwoblèm chaj. Avan anyen mal chaje kay yon moun. Li entèlijant, li rann li kont ke fi m’genyen an pa ret twò lwen’m. Li di’m ok n’ap jere sa cheri. Li voye 2 bakòp. Fò’m chaje bakòp yo. M’pa konn kiyès ki ba’l ide sa, li antre Ayiti epi li met pano solè ak tout invètè nan kay la. Epi’l di’m « Wa eksplike’m pàn chaj la nekstaym ok béb« !

Commentaires


© 2023 Gabby Mortimer
bottom of page