Tout detay konte
- 25 sept. 2022
- 3 min de lecture

Yon nèg ki gen fanm dwe toujou prevwayan, obsèvatè. Tout detay dwe entèpele’w sinon se ou k’ap peye po kase a.
M’te gen yon menaj, ou ka prid tou men pa pase’l. Mwen seksyèlman, m’se yon devègonde epi pou menaj mwen prid, m’pa ka fè nenpòt bagay avè’l! Men pwoblèm lan, pwiske m’te konnen’l prid, m’pa janm ekzamine lè chanjman yo opere nonplis.
Li gen karaktè otoritè. Donk m’konn sa’l vle deja. Yon ti souse tete, yon woule krèk epi’l voye. Apresa, mwen mèt al banbile. Lè’m tounen monte sou li, penetre’l, m’voye epi tout bagay fini. Mete’l nan bra’m, domi pou jouk li jou.
Men fò’m di nou ke n’ap pede kite tounen. Kite a ka pran 1 a 2 an alèz apre tounen e a chakfwa se menm menaj prid la m’kwaze. Men nan dènye kite tounen nou fè a, remakableman m’kwaze ak menm menaj prid la. Sof ke m’te manke nan obsèvasyon’m
Premye jou n’ap kwaze a, li di’m ke m’pa bezwen vini ankò paske’l gen règ li. M’di’l cheri m’anvi wè’w donk sa pa deranje’m ke’w gen règ ou. Li di’m non, apre tout tan sa se enposib pou’l wè’m epi pou anyen pa fèt dayè li gen anvi’m depase. M’dakò epi m’al ranse nan baz. Jiakaske fòn mwen sone…….
Li rele’m pou’l di cheri ou mèt monte. Mwen monte, m’al domi kay bebe a. Premye obsèvasyon’m sè ke’l toutouni, san kotèks aloske li gen règ li (se yon pakèt detay ki echape’m e ke m’ap rankontre premye fwa). Nan pale pale, li di’m cheri m’pap ka reziste.
Dezyèm remak mwen, sè ke m’konnen m’toujou annafè ak fanm prid la m’deside pran menm pozisyon an men ak ti chanjman delika. Li toujou sou do, men fwa sa m’fè ti monte janm li. Oo m’tande yon « wi cheri konyen madanm ou ». Fi prid m’konnen an pap di’m koze sa. A m’komanse mezire lòt pòz… epi se mwenk te nan erè tout tan sa.
Twazyèm remak mwen, sè ke pa gen anyen ki ta ka di’m ke l’ap aksepte fè seks ak règ li. Anplis li konn règ li donk li konn jere’l tou. Li jere’l si byen ke nou fè bagay 3 fwadswit. E nou fè’l nan maten e mwen woule krèk li. Mwen ap obsève e mwen kontinye ap etone. M’pa ka kenbe m’fini, pa mande li pou fi prid ke mwen te konnen an. Li di’m ke’l toujou la sof ke li vle fè eksperyans paske li admèt ke li trè kwense seksyèlman… Bon la se mèt di je li sa loll…
Katryèm remak mwen. M’di nan tèt mwen ke sa pa sifi. M’di ke se enposib pou’l ni fè sanblan ni kenbe menm posti yo avè’m. Efektivman gen yon chanjman paske li pase nèg nan absans mwen men chanjman yo pa twò dekale pwiske m’toujou santi ke li pa reyèlman donte. E sa ki pral konfime tout sa’k nan lespri’m lan se ke mwen kwaze yon vibro nan chanm li byen anbwate
Obsèvasyon sa yo menmsi yo pa twò sifizan vin mete’m nan sitiyasyon pou’m pase alaksyon. Premye sa mwen fè, m’deside gade fifty shades avè’l. Tout lè n’ap gade’l la m’ap jwe nan bouboun li, jwe nan tete’l men nou rete gade fim lan. Kou fim lan fini li bo’m epi’l di’m « cheri mare’m ». Mwen ri e m’te pran sa pou blag. Li di’m cheri mare’m m’vle fè tout bagay avè’w, m’vle’w dirije’m…
Ebyen se mwenk pou di nou. M’pap ka di si se mwen ki dejwe’l ou si se mwen ki gate’l. Li vin rive nan yon pozisyon ke li gade tout fim, li tout liv apre pou’l di’m cheri ann fè sa… Nou vin kominike, pale de seksyalite. Mwen dekouvri ke menaj mwen toujou prid, men’l te bezwen evade ewotikman. Detay yo rete pwen fò nan relasyon ke’w gen ak yon moun





Commentaires